top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG

Plis pase 600 manman konplete sik akonpayman pwojè J9 la

  • Photo du rédacteur: Zanmi Lasante
    Zanmi Lasante
  • 13 avr. 2022
  • 2 min de lecture

Jedi 16 desanm 2021 an make seremoni gradiyasyon dènye pwomosyon pwogram J9 la (2019-2021). Se yon nouvo modèl swen konplè an gwoup ki pèmèt yo suiv fanm ansent yo depi koumansman gwosès la jiskaske yo akouche ak 12 premye mwa lavi bebe yo.


Plis pase 600 manman ak bebe ki te entegre pwogram nan depi plis pase yon lane e ki soti nan tout kalite vil nan peyi a, te reyini nan lopital inivèsitè Mibalè a (HUM) pou make gwo evenman sa.


Ekip pwogram J9 la te fè tout sa ki nesesè pou evenman sa benefisyè yo t ap tann ak anpil enpasyans la ka reyisi. Se Wilby Descartes, yon travayè sosyal nan HUM, ki te anime pwogram nan.


Kowòdonatris pwogram J9 la ki t ap bay yon diskou nan koumansman seremoni an te remèsye enfimyè akonpanyatris yo ki te asiste fanm ansent yo pandan vizit prenatal yo nan HUM, manman yo ki te konfye yo bebe yo, kòlèg yo ki te ankouraje yo nan premye moman pwogram nan, medsen rezidan yo ak enfimyè fanm chay yo ki te kolabora ak li epi mis Marc Julmisse, direktris egzekitiv Zanmi Lasante a ki te gen bèl lide pou li mete pwogram sa sou pye.


Chak ane, ekip pwogram J9 la òganize yon gradiyasyon pou pèmèt premye gwoup manman ak bebe yo kite pwogram nan epi entegre yon nouvo pwomosyon. Apre 4 lane (2018-2021), gen 219 gwoup fanm ak 179 gwoup bebe ki gradye. An septanm 2021, pwogram J9 la rive lopital Sainte-Thérèse nan Ench. Plis pase 100 fanm ansent antre pwogram nan deja.


« Depi yo fin gradye, benefisyè yo ap ka reyentegre pwogram nan sèlman de lane aprè yo fin kite l, se sa kowodonatris pwogranm J9 la, Tharmar Julmiste, fè konnen. « Sa pèmèt nou ofri menm opòtinite sa ak lòt fanm ansent pou yo ka gen chans akouche nan yon sant sante epi nan pi bon kondisyon. »


Kèk manman te pwofite pataje temwayaj yo ak asistans la. Carline ki te fè yon pitit fi ak yon malfòmasyon nan jenou l te kontan moutre asistans lan bebe l la ki t ap mache nòmalman aprè l te fin resevwa swen medikal nan men estaf medikal HUM nan ak pwogram J9 la. Li te tèlman kontan, dlo t ap koule nan je l.



Pandan dewoulman seremoni an, Mesye Wilby Descartes ak Thamar Julmiste te remet chak benefisyè yo yon sètifika ak kit akseswa pou bebe. Se yon moman moun yo t ap ret tann ak anpil kè kontan. Chak manman te moute sou estrad la pou l pran sètifika pa l la.





Asistans lan t ap plede bat bravo pandan fotograf la t ap fè yon foto souvni pou chak manman yo ak bebe yo poukont yo ak sètifika a nan men yo, yon fason pou yo toujou sonje premye moman lavi bebe yo ak yon gwo souri sou lèv yo.


Guerline di ak yon bèl souri sou vizaj li pandan l kenbe bebe l la sou bra l : « Nou vin pwòch youn lot e jodiya kè nou tout kontan, n ap pataje moman sa ak pitit nou, zanmi nou ak fanmi nou.»




 
 
 
pih-haiti-logo-2020-[white].png
Zanmi Lasante est le plus grand fournisseur de soins de santé d'Haïti en dehors du gouvernement, travaillant en étroite relation avec le ministère haïtien de la Santé, et dessert une population de plus de 1,3 million de personnes.

Nous employons plus de 6 300 personnes, dont 2 500 agents de santé communautaire, pour fournir des soins primaires, des soins de santé maternelle et infantile, des services de VIH et de tuberculose, ainsi que des soins secondaires et tertiaires plus avancés.
  • Youtube

Restez au courant de toutes nos actualités

Merci de vous abonner!

© 2021 tous droits réservés  | Zanmi Lasante, Santo 18A, Croix-des-Bouquets, Haiti | Téléphone: + 509 2813 0016 | info@zanmilasante.org
 

bottom of page