
Nitrisyon
Nou konbat enjistis nan fè swen sante aksesib a moun ki bezwen li pi plis.
Zewo lanmò pou timoun ki poko gen 5 an akòz malnitrisyon
An Ayiti, malnitrisyon se kòz prensipal lanmò pou timoun ki poko gen 5 an. Anviwon 11,000 timoun ki poko gen 5 an soufri ak malnitrisyon egi nan depatman Plato Santral ak Latibonit. Pwogram malnitrisyon Zanmi Lasante ap fè efò pou rive a ZEWO lanmò pou timoun ki poko gen 5 an akòz malnitrisyon. Kidonk, an 2013, sant pwodiksyon Nourimanba te inogire nan konbine ekspètiz nitrisyon fon Abbott, ekspètiz Zanmi Lasante nan domèn sante, ak adrès e konesans yon ekip ayisyen lokal. Sant pwodiksyon Nourimanba a jere e opere gras a yon ekip ayisyen epi konsantre sou pwodiksyon Nourimanba, yon tretman pou timoun ki soufri malnitrisyon. Nourimanba te pwodwi lokalman e distribiye pa Zanmi Lasante depi 2006. Se yon pat ki gen anpil kalori, ki gen anpil pwoteyin, e ki gen sèlman senk engredyan: pistach, lèt an poud, lwil kanola, sik ak vitamin. Nourimanba gen yon pwofil nitrisyonèl ki reponn a malnitrisyon ak anpil efikasite. Yon tretman 6 a 8 semèn nan Nourimanba pèmèt yon timoun ki te sou wout pou l mouri nan malnitrisyon retounen djanm.

Zanmi Lasante distribiye Nourimanba bay pasyan gratis nan tout sit li yo atravè Plato Santral la ak rejyon Latibonit yo. Patenarya a sipòte tou kiltivatè lokal yo ki bay pistach ki nesesè pou pwodiksyon Nourimanba. Yo mete aksan sou bon jan kalite pistach, efikasite nan chèn valè a epi konpetivite. Zanmi Lasante ak Fon Abbott Yon pwogram gen ladan twa eleman konplètman entegre ki vize a agrandi kapasite yo ak ogmante revni kiltivatè lokal yo: Fòme kiltivatè yo epi ba yo resous ki nesesè yo. Rekrite ak antrene nouvo founisè sèvis agrikòl Kreye mache santralize yo.
![pih-haiti-logo-2020-[orange].png](https://static.wixstatic.com/media/b01c50_320facb2a70d466580bb7408b1087205~mv2.png/v1/fill/w_106,h_59,al_c,q_85,usm_0.66_1.00_0.01,enc_avif,quality_auto/pih-haiti-logo-2020-%5Borange%5D.png)

