top of page
Haiti_20240125_Nurses of HUM - Oncology_mjeanty_08761.jpg

Onkoloji

Nou konbat enjistis nan fè swen sante aksesib a moun ki bezwen li pi plis.

10.png

+5, 500
Tès  depistaj kansè nan matris 

1.png

+1, 500
Moun ki resevwa swen onkoloji

4.png

+300
Pasyan nou trete an 2020

Sèvis kontwòl kansè, aksesib pou moun ki pi defavorize yo 

Kounye a an Ayiti, gen sèlman 3 onkològ medikal, 2 radyo-onkològ ak 4 onkològ chirijikal ki pratike nan peyi a e ki ap travay nan sektè prive a. Sepandan, swen kansè prive pa aksesib a pifò pasyan atravè peyi a, paske majorite popilasyon an ap viv ak mwens pase $2 pa jou. Anplis de sa, pa gen okenn pwogram fòmasyon onkoloji an Ayiti pou klinisyen, e sa pral kontinye kreye yon mank nan founisè swen sante ki kalifye e ki resevwa fòmasyon nan onkoloji.

Nan kòmansman ane 2000 yo, Zanmi Lasante te kòmanse bay swen kansè nan Lopital Bon Saveur nan Cange, kote premye sit ZL la te ye nan Plato Santral la. Swen onkoloji nan ZL te kòmanse sou yon baz pwovizwa, ak doktè ki te gen eksperyans onkoloji limite pou trete pasyan kansè yo epi bayo medikaman. Yon pwogram onkoloji ofisyèl te kòmanse nan lane 2011 nan Lopital Bon Saveur nan Cange, epi yo te transfere l nan Lopital Inivèsitè nan Mirebalais (HUM) an 2013. ZL ofri swen kansè nan HUM gras ak yon ekip doktè, enfimyè, travayè sosyal ak sikològ. Doktè ameriken nan Enstiti Kansè Dana-Farber (DFCI) bay sipò onkoloji ak konsèy teknik ak klinik gras a korespondans regilye ak ekip ki sou plas la, pou revize ka pasyan yo epi rekòmande plan tretman yo.

Ak bezwen pou swen onkoloji entegre ki t'ap grandi, Sant Onkoloji Roselène Jean Bosquet te lanse an 2018 nan HUM. Nouvo klinik onkoloji chirijikal dedye sa a ofri tès depistaj kansè nan matris, konsèy ak sipò sikososyal, kimyoterapi, edikasyon kominotè pou prevansyon ak deteksyon, ak operasyon chirijikal selektif.

 

Ekip sikoz nou an, ki fòme ak travayè sosyal ak sikològ, ofri sèvis sipò pou pasyan yo ak fanmi yo, sesyon konsèy endividyèl, òganize gwoup sipò vize epi, òganize kanpay konsyantizasyon nan kominote a. Yon ekip devwe enfimyè onkoloji trè kalifye bay swen enfimyè onkolojik konplè, ke yon gwoup enfimyè onkoloji ki soti nan DFCI ap sipòte pou plizyè ane ki ap ben konsèy sou plas.

Pwogram onkoloji pedyatrik la te kòmanse nan lopital la an 2019, nan patenarya ak Lopital Saint-Damien. Li swanye timoun ki gen 14 a 21 an, nan ofri yo tretman pou lesemi, lenfom ak kansè osteosakom.

Priyorite pwogram lan:

  • Bay dyagnostik onkoloji, tretman ak operasyon chirijikal selektif epi efikas

  • Ofri tès depistaj kansè nan matris

  • Bay konsèy ak sipò sikososyal

  • Fè edikasyon kominote a ak sèvis navigasyon pasyan yo

pih-haiti-logo-2020-[white].png
Zanmi Lasante se pi gwo founisè swen sante an Ayiti andeyò gouvènman an, k ap travay kole kole ak Ministè Lasante Ayisyen an, e k ap sèvi yon popilasyon plis pase 1.3 milyon moun.

Nou anplwaye plis pase 6,300 moun, ki gen ladan 2,500 travayè sante kominotè, pou bay swen primè, swen sante matènèl ak timoun, sèvis VIH ak TB, ak swen segondè ak siperyè.
  • Youtube

Rete enfòme sou tout sa n'ap fè

Mèsi dèske w abòne!

© 2021  Tout dwa rezève  | Zanmi Lasante, Santo 18A, Croix-des-Bouquets, Haiti | Telefòn: + 509 2813 0016 | info@zanmilasante.org
 

bottom of page