top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG

Doktè Michel Edouard, yon manm klinik mobil ki pran plezi sèvi kominote l

  • Writer: Zanmi Lasante
    Zanmi Lasante
  • Oct 25, 2021
  • 2 min read

Doktè Michel Edouard se youn nan manm ekip medikal Zanmi Lasante yo ki te pote sipò l nan depatman Sid la lè tranblemanntè 14 out 2021 an, li se youn nan kowòdonatè klinik mobil estaf Zanmi Lasante a mete sou pye.

Jodiya, l ap resevwa pasyan l yo Coteaux, yon vil nan depatman Sid la ki yon ti jan lwen. « Mwen òganize ak ekip ki deja sou plas la tout klinik mobil ki dwe pase nan zòn nan. Anvan tout aktivite kòmanse, mwen pale ak yon responsab espas la pou l bay doktè yo otorizasyon pou yo enstale yo.


Lè w kolabore ak lidè kominotè yo, sa fasilite bon dewoulman aktivite yo. » Yo deplwaye klinik mobil sa yo ki gen ladan yo doktè, enfimyè ak sikològ, sou tèren an, pou pote swen medikal ak sipò sikolojik gratis bay moun ki chape nan tranblemanntè 14 out 2021 an ak moun ki pa gen aksè a swen sante. Se moun ki viktim nan tranblemanntè a yo bay priyorite. Paske anpil ladan yo pa gen aksè ak sèvis sante ni lajan pou yo pran swen nan yon bon jan sant sante. Klinik mobil yo resevwa anpil granmoun ak fanm ansent tou ki mache anpil pou yo rive kote estaf medikal la rasanble moun yo.

Dewoulman klinik mobil yo

Manm klinik mobil sa yo òganize yo an 4 sektè : kote yo triye pasyan yo, kote yo fè konsiltasyon, famasi ak kote yo fè pansman epi jere ka ijans yo. Yo prepare yon espas travay tou pou sikològ yo, ki ka resevwa pasyan yo selon preferans yo, an gwoup oubyen youn pa youn.


Ekip medikal yo resevwa ant 150 a 300 moun pa jou pa klinik mobil. Pandan tout jounen an, yo resevwa pasyan ki fè plizyè kalite maladi tankou tansyon, sik, maladi po ak enfeksyon. « Li pa toujou fasil pou sèvi tout moun ki vin nan klinik la, se sa doktè Michel eksplike. Anpil fwa, kèk nan medikaman nou yo konn fini, sitou vitamin yo ak antibyotik yo, yo fini pi vit. »

Priz an chaj moun ki malad grav yo e ki bezwen egzamen pou yo konfime yon diagnostik, se yon pwoblèm tou. Li t ap pi bon, pou anpil nan pasyan sa yo, si yo te ka suiv yo nan yon bon jan lopital. Men klinik mobil yo rete yon mwayen efikas pou ede moun k ap viv nan zòn ki lwen anpil yo. « Sa ki toujou etone m, se wè jeneralman se tout fanmi an ki vin konsilte : papa, manman ak timoun yo », se sa doktè Edouard remake. Manm klinik mobil Zanmi Lasante yo fè pwomosyon bon pratik ijyèn yo tou anplis de swen yo bay malad yo.


Doktè Edouard ajoute : « Moun sa yo bezwen bon jan sipò finansye tou anplis de swen medikal yo ; M resevwa yo ak yon santiman enpuisans pafwa, paske se sèl èd medikal la m ka ba yo. Anpil nan yo vrèman bezwen yon suivi sikolojik. Yon sèl konsiltasyon nan klinik mobil la pa ta ka sifi.»


 
 
 

Comments


pih-haiti-logo-2020-[white].png
Zanmi Lasante se pi gwo founisè swen sante an Ayiti andeyò gouvènman an, k ap travay kole kole ak Ministè Lasante Ayisyen an, e k ap sèvi yon popilasyon plis pase 1.3 milyon moun.

Nou anplwaye plis pase 6,300 moun, ki gen ladan 2,500 travayè sante kominotè, pou bay swen primè, swen sante matènèl ak timoun, sèvis VIH ak TB, ak swen segondè ak siperyè.
  • Youtube

Rete enfòme sou tout sa n'ap fè

Mèsi dèske w abòne!

© 2021  Tout dwa rezève  | Zanmi Lasante, Santo 18A, Croix-des-Bouquets, Haiti | Telefòn: + 509 2813 0016 | info@zanmilasante.org
 

bottom of page