top of page
Haiti_1116_BCMalnutrition-LouisFamily_CAvila_023.JPG

Rosemitha, manman de marasa ki fèt anvan lè, benefisye pwogram J9 nan Sante matènèl la

  • anarcius
  • Jul 12, 2022
  • 3 min read

"Mwen te tèlman kontan wè yo ap gwosi. Yo te tèlman piti, m pa t panse yo t ap viv "


Rosemitha Martial se yon jèn fanm 22 lane ki soti Mibalè. Li konn fè komès e li se manman 2 marasa, Rosemerline ak Roselanda, ki fèt anvan lè, nan mwa novanm 2021 an, nan Lopital Inivèsite Mibalè a.


Rosemitha te sibi yon gwo twomatis sikolojik pandan gwosès li. Bandi ak zam moun pa rive idantifye te touye mari li, ki se yon chofè moto, pandan yo t ap eseye vòlè moto li a. Nouvèl la te boulvèse Rosemitha anpil alòske li te ansent 6 mwa edmi. Aprè chòk sikolojik sa, yo te mennen l nan sèvis ijans Lopital Mibalè a kote li te akouche pa sezaryèn.


Lè marasa yo te fèt, youn te peze 1,35 kilo, lòt la te peze 1, 19 kilo. Yo te gen pwoblèm respiratwa epi po yo t ap dekale. Yo te mete yo sou respiratè nan sèvis swen entansif pou timoun ki fèk fèt yo.


Rosemitha pratike metòd yo rele kangourou a avèk bebe l yo Kay Manmito, yon kay Zanmi Lasante konstwi pou nouvo manman yo sou tèren Lopital Inivèsite Mibalè a. Metòd sa mande pou yo kole timoun ki fèk fèt la sou kò youn nan paran l yo pou ede l devlope. Aprè 2 mwa, Rosemerline te peze 1,66 kilo e Roselanda te peze 1,64 kilo. Yo te kapab respire poukont yo.


Anpil fanm soti tout kote nan peyi a pou resevwa swen nan Lopital Inivèsite Mibalè a. Lè yo soti lwen konsa, yo rete sou lakou lopital la jiskaske yo akouche. Pou akeyi fanm ki twouve yo nan sitiyasyon sa yo, Zanmi Lasante konstwi Kay Manmito, yon kay pou nouvo manman yo, an fevriye 2017.

Kay Manmito gen chanm ki gen 2 ak 4 kabann ki gen kazye pou mete pye w yon fason pou w pi alèz, 8 douch ki gen 2 kabin pou moun ki andikape ak lavabo, kote pou yo fèlesiv, kuizin, sal a manje ak kèk espas pou yo resevwa fòmasyon. Toujou genyen yon enfimyè ki disponib nan kay la pou sèvi moun.


Medam yo patisipe nan fòmasyon sou alètman, nitrisyon ak swen pou timoun ki fèk fèt. Yo patisipe nan lòt seyans fòmasyon tou ki gen Yoga ak teknik relaksaksyon tout pandan semèn nan.


« Lè m rive Kay Manmito, yo te ban mwen yon kit swen pou bebe ki te gen ladann yon dra, 4 sèvyèt, 2 bone, chanpou, sèvyèt ijyenik, elatriye… Tout bagay pou m te ka pran swen pitit mwen yo anvan m ka achte sa m gen bezwen pou bebe m yo poukont mwen », se sa Rosemitha eksplike.


Nan sèvis kangourou a, bebe yo dwe fè 2 fwa pwa yo te genyen lè yo te fèk fèt la pou yo ka rantre lakay yo. Pitit fi Rosemitha yo te double pwa yo te genyen lè yo te fèt la vre, men malerezman yo potko ka rantre lakay yo paske yo te gen po yo ki t ap dekale.


« Mwen te tèlman kontan wè yo ap gwosi. Yo te tèlman piti, m pa t panse yo t ap viv », se sa Rosemitha fè konnen. « Gras ak swen, mwen menm ak timoun mwen yo te jwenn aprè m te fin akouche, jodiya nou anfòm e mwen rekonesan anpil. »



 
 
 

Comments


pih-haiti-logo-2020-[white].png
Zanmi Lasante se pi gwo founisè swen sante an Ayiti andeyò gouvènman an, k ap travay kole kole ak Ministè Lasante Ayisyen an, e k ap sèvi yon popilasyon plis pase 1.3 milyon moun.

Nou anplwaye plis pase 6,300 moun, ki gen ladan 2,500 travayè sante kominotè, pou bay swen primè, swen sante matènèl ak timoun, sèvis VIH ak TB, ak swen segondè ak siperyè.
  • Youtube

Rete enfòme sou tout sa n'ap fè

Mèsi dèske w abòne!

© 2021  Tout dwa rezève  | Zanmi Lasante, Santo 18A, Croix-des-Bouquets, Haiti | Telefòn: + 509 2813 0016 | info@zanmilasante.org
 

bottom of page